View this article in English | bilingual
Sezon Malé
Goudougoudougoudougoudou…
Lè filang bourara
fin asoupi nan pye labrin
lè nan maji fènwa
riban pwomès tounen chagren
dezespwa nan fon je n
lonje men bay pousyè
farinay lapli konfeti sèl fen
anwo tèt nou
Grif dezolasyon
plante nan zantray chak katye
riyèl apre riyèl
Graslamizerikòd pou vil Jakmèl
pawòl bèbè nan zorèy soud
lafimen ki gaye nan fon bwa
anvan li disparèt dèyè Mòn Lopital
Zepon doulè tonbe nan pasaj tan
ki longè tan
pou lavi nou ta ye
pou nou bliye twa san mil vwa
k ap frape pòt letènite ?
Si tan gen tan
ya sispann
voye toya lage pichon
sou yon pèp fatige
k ap tann jou pou l doubout
Goudougoudougoudougou …
Sekous rele sekous
Leyogàn sou kabann lopital
latè gen malkadi
vwazinay men anlè
ap rapousuiv Jezi
Zegui revèy nou estannbay
sou senkè mwen tikras
kòd gita lanati dezakòde
janm nou gen latranblad
konpa tounen sanba
nan bal san mizisyen
Bò Jivena fil kouran pandye
bay move rèv boustè
kawousèl lavi mache miwo miba
al chavire nan mitan Mòn Laza
Timoun granmoun debousole
reveye kòtakòt nan yon sèk madoulè
toupi fou kou chen fou
ap desinen loupin sou vwa
Sezarya Evora
Lafanmi abiye toudegri
yon bann zonbi ki kase kòd
kouri monte desann
kolonn machin san ba direksyon
Kay beton brasou brasa
ap fè piwèt sou chak bò lari
yo vire karanbole
nan yon laviwonn enfènal
arebò fontèn chagren n
soulye vèni nan pye sezon malè
lannuit blayi sou nou gwo lajounen
chavire bòl rèv nou plat atè
Goudougoudou … goudougoudou…
Youn apre lòt
ti pa ti pa
tankou tibebe
k ap aprann mache
nou pran lari
n ap titile
bann vivi griyen dan
ki antre nan won
san baton
Pòtoprens pa gen bra
pou ranmase pitit li
Riyèl Nazon
Dèlma 33
tèt san kò aliyen
nan dra blan
bann papiyon lasenjan
dòmi twonpe
Dirijan pakoti
ap mennen mannigans
ak kowòt envizib
tout avèg san defans
pran revanch
nan fè lwanj kout batwèl
Zèl malfini tankou
dra sou peyi a
kameleyon dekrete sezon vèy
poze kazèn sou teren lenkonsyans
vonvon tapise makadam
ayewopò Mayi Gate
pikèt plante
mil tant drese
drapo monte
Vag yanvalou vlope tanbou petwo
zagoloray anba sann rezistans
Goudougoudou…goudougoudou
Gade mache
yon ti lavi biskèt tonbe
li pa wè anwo
li pa wè anba
l ap trennen sou zo kòksis
ak je l vlope nan diyite l
yon ti lavi tou mafreze
ki pote yon peyi sou do l
Mwen wè yon ti lavi
k ap debat jou apre jou
li fè zye dou ak lanmò
afòs li goumen
pou douvanjou
pran plas lannuit
Lavi sa a
tranblemanntè fese l atè
ou ta di chwal malen
ki pran pwen pou l pyafe
nan Savann Dezole
Madi 12 janvye
madi madichonnen
lage nou bra mare
nan lakou demanbre
fè n pase pou po patat
yon kolonn azizwèl
san koutcha
chen k ap wouke
nan pye tab gwomouche
kantite neglijab
nan paj kaye listwa
Goudougoudougoudou…
Mèt minui kale nan lonbraj zetwal
pwofèt malè pouse tankou djondjon
deblatere san rete nan jaden iyorans
kòmkidire dèt granpapa n ap peye
Manchèt konsyans nou file
sou bitasyon Bwa Kayiman
Krètapyewo nan memwa anvayisè
kisa n gen pou n peye?
pòch nou vire lanvè
poutan tèt nou rive depase nyaj
Nou fè listwa sou do Napoleyon
deklare libète pou tout limanite
nou siyen non nou Savana
fè solidarite ak Simon Boliva
listwa pasa bliye n
menm lè zwazo mechan
ban nou bwa long kenbe
Pa mezire distans ki separe n
ak kòt Lafrik
nou konnen ki kote
kòd lonbrit nou mare
eritye Karayib nan mitan Lamerik
nou pot fyète nou sou fwon n
nou aprann pare kou
jenou n pa p janm touche tè
This copy is for your personal, noncommercial use only. You can order presentation-ready copies for distribution by contacting us at info@wordswithoutborders.org.